Teknik Rechèch Avanse
Metrize teknik rechèch avanse pou jwenn done ou bezwen yo byen vit e avèk presizyon sou platfòm nou an.
Tanpri sonje: AYITISTATS santralize aksè ak enfòmasyon piblik sou Ayiti yo pou fasilite rechèch, analiz, ak pran desizyon. Platfòm sa a òganize done yo pa sektè epi li ofri zouti rechèch avanse.
Òganizasyon Done yo
Sektè ki Disponib
Done yo sou AYITISTATS klase selon sektè sa yo:
- Ekonomi - Done ekonomik ak finansye
- Sante - Estatistik sante ak medikal
- Edikasyon - Sistèm edikatif ak fòmasyon
- Agrikilti - Pwodiksyon agrikòl ak sekirite alimantè
- Enfrastrikti - Pwojè ak devlopman
- Gouvènans - Enstitisyon ak administrasyon
- Anviwònman - Done anviwònman
- Demografi - Popilasyon ak estatistik sosyal yo
- Kilti - Eritaj ak devlopman kiltirèl
Estrikti Katalòg Done a
Chak seri done nan katalòg la òganize selon fòma sa a:
| Eleman | Deskripsyon |
|---|---|
Tit |
Non deskriptif seri done a |
Sektè |
Domèn aktivite ki konsène a |
Sous |
Òganizasyon oswa enstitisyon ki fè done yo |
Dat |
Dat piblikasyon oswa peryòd kouvri a |
Fòma |
Tip fichye yo (PDF, Excel, CSV, elatriye) |
Estati |
Verifikasyon done (verifye, an verifikasyon) |
Aksyon |
Lyen dirèk nan sous done a |
Metòd Rechèch
1. Rechèch pa Sektè
Navigasyon dirèk:
- Seleksyone yon sektè nan paj Sektè a
- Klike sou "Wè Done yo" pou afiche tout seri done sektè ou chwazi a
- Rezilta yo ap afiche jan estrikti katalòg la ye a
2. Rechèch Avanse
Fonksyon rechèch avanse a pèmèt ou rafine kritè rechèch ou yo atravè plizyè filtè ki ka konbine ansanm:
Opsyon Filtè Ki Disponib
Konsèy: Konbine plizyè filtè pou jwenn rezilta ki pi presi e ki pi enpòtan pou bezwen ou yo.
-
Rechèch pa mo kle:
- Antre yon tèm espesifik nan zòn tèks la
- Itilize mo kle enpòtan ki gen rapò ak kontni rechèch ou a
-
Filtè pa sektè:
- Seleksyone youn oswa plizyè sektè nan meni ki ka desann nan
- Pèmèt ou limite rechèch la ak yon domèn espesifik
-
Filtè pa sous:
- Chwazi yon enstitisyon oswa òganizasyon espesifik
- Se sa nèt lèw ap chèche done ki soti nan yon sous patikilye
-
Filtè pa peryòd:
- Fikse yon ane kòmansman
- Fikse yon ane fen
- Pèmèt ou chèche done nan yon entèval tan espesifik
Itilizasyon Filtè yo
Konbinezon Kritè yo
Pou yon rechèch ki pi presi, swiv etap sa yo:
# Seleksyone domèn prensipal la1. Chwazi sektè ki enterese w la (Ekonomi, Sante, elatriye)
# Idantifye òganizasyon ki fè done a2. Espesifye sous done yo (ministè, enstitisyon)
# Limite entèval tan an3. Defini peryòd rechèch la (ane kòmanse - ane fen)
# Rafine ak tèm espesifik4. Ajoute kèk mo kle espesifik si nesesè
Egzanp kèk Konbinezon:
# Rechèch done ekonomik ki resanSektè: Ekonomi
Sous: Ministè Finans
Peryòd: 2020-2023
Sous: Ministè Finans
Peryòd: 2020-2023
# Rechèch pa mo kle ak filtè tanporèlMo kle: "bidjè piblik"
Peryòd: 2022-2024
Peryòd: 2022-2024
Lanse Rechèch la
- Seleksyone kritè rechèch ou yo
- Klike sou bouton "Rechèch" la
- Rezilta yo parèt dapre fòma katalòg la
- Itilize lyen "Aksyon" pou ale dirèkteman nan sous done a
Reyinisyalize Filtè yo
Pou rekòmanse yon nouvo rechèch:
- Klike bouton "Reyinisyalize Filtè yo"
- Tout kritè rechèch yo ap efase
- Ou ka defini nouvo kritè
Aksè ak Done yo
Enpòtan: Lè w klike sou lyen "Aksyon" an, ou kite platfòm AYITISTATS la pou ale dirèkteman nan sous ofisyèl done yo. Sa garanti aksè ak enfòmasyon ki pi resan epi ki vrè.
Konsiltasyon Rezilta
Rezilta rechèch yo afiche nan yon tab estriktire ki gen:
- Tit seri done a
- Sektè konsène a
- Sous done yo
- Dat piblikasyon an
- Fòma fichye a
- Estati disponibilite a
- Yon lyen aksè (Aksyon)
Konsey pou Optimize Rechèch Ou yo
Estrateji Rechèch ki Efikas
- Kòmanse ak yon rechèch jeneral, answit presize: Kòmanse avèk yon rechèch jeneral, answit sèvi ak filtè yo pou rafine rezilta yo
- Itilize mo kle ki varye: Eseye diferan tèm si premye rechèch ou a pa bay rezilta ou vle yo
- Konbine filtè yo: Sèvi ak plizyè kritè an menm tan pou rechèch ki pi presi
- Eksplore sektè yo: Si ou konnen domèn ki enterese w la, kòmanse ak navigasyon pa sektè a pito
Ka Itilizasyon Nou Rekòmande
Pou chèchè yo:
- Itilize filtè pa peryòd la pou etid byen long yo
- Konbine sektè + sous pou analiz sektoryèl espesifik
Pou jounalis yo:
- Rechèch pa mo kle pou idantifye rapidman done sou sijè aktyalite yo
- Filtre pa sous pou verifye orijin enfòmasyon yo
Pou moun ki ap pran desizyon yo:
- Navige pa sektè pouw ka gen yon bon vizyon jeneral
- Filtre sou peryòd resan pou done ki pi aktyèl yo
Pou etidyan yo:
- Eksplore diferan sektè pou elaji pèspektiv rechèch ou yo
- Sèvi ak konbinezon filtè yo pou rechèch akademik espesifik
- Konsilte sous ofisyèl yo pou garanti fyabilite referans ou yo
Nòt enpòtan: AYITISTATS pa estoke done yo dirèkteman, men li fasilite dekouvèt yo ak aksè a yo. Apwòch sa a pèmèt ou toujou gen aksè ak sous ofisyèl yo ak dènye vèsyon seri done yo.