Dokimantasyon

Dekouvri gid itilizatè pou zouti entegre nou yo, ansanm ak kèk teknik itil pou rechèch ou ak manipilasyon done ou yo.

Ekspòtasyon ak Sitasyon Done yo

Aprann bon jan pratik pou ekspòte done yo nan diferan fòma ak site yo kòrèkteman nan travay akademik oswa pwofesyonèl ou yo.

Enpòtan: AYITISTATS pa pwopriyetè done yo epi li pa estoke yo tou. Platfòm nou an fasilite aksè ak done piblik ayisyen yo atravè redireksyon nan sous ofisyèl yo.

Fòma Done Ki Disponib

Done yo ou ka jwenn sou AYITISTATS yo parèt nan diferan fòma selon enstitisyon ki bay yo a :

Dokiman ak Rapò

  • PDF - Rapò ak dokiman ofisyèl
  • Word (DOCX/DOC) - Dokiman tèks ak rapò
  • PowerPoint (PPTX/PPT) - Prezantasyon ak enfografi
  • TXT - Fichye tèks senp ak done senp

Done Estriktire

  • Excel (XLSX/XLS) - Tablo done avèk fòmataj
  • CSV - Done tabilè pou analiz estatistik
  • JSON - Done estriktire pou API ak aplikasyon entènèt
  • XML - Done ki gen òd ak enfòmasyon sou done yo

Done Jewospasyal

  • SHP (Shapefile) - Done vektè jewografik
  • KML/KMZ - Done jewografik Google Earth
  • GeoJSON - Done jewografik nan fòma JSON
  • GPX - Tras GPS ak kote ki enpòtan yo

Idantifikasyon Fòma ki Optimal

Anvan ou ekspòte, idantifye fòma ki pi byen adapte ak itilizasyon ou an:

Itilizasyon Fòma Rekòmande Avantaj
Analiz Estatistik CSV, XLSX, JSON Fasilite enpòtasyon nan lojisyèl analiz
Sitasyon Akademik PDF, DOC Fòma estab ak ofisyèl
Tretman Done CSV, XLSX, TXT Konpatib ak R, Python, SPSS
Analiz Jewospasyal SHP, KML, GeoJSON Konpatib ak QGIS, ArcGIS
Baz Done CSV, JSON, XML Enpòtasyon dirèk nan SGBD
Prezantasyon PDF, PPTX Fòmataj prezève
Achivaj Alontèm PDF, TXT, CSV Fòma pèmanan ak estab

Metòd Ekspòtasyon

1. Ekspòtasyon Dirèk depi nan Sous la

Pwosedi Rekòmande:

  1. Jwenn aksè a done yo atravè lyen "Aksyon" ki sou AYITISTATS la
  2. Sou sit sous la, chèche opsyon telechajman
  3. Seleksyone fòma apwopriye pou itilizasyon ou a
  4. Anrejistre fichye a ak yon non ki fasil pou konprann

Koman nou Sijerew nonmen fichyew yo:

# Fòma estandadize pou òganizasyon fichyew yo[Sous]_[Sektè]_[Ane]_[Deskripsyon].[ekstansyon]

Egzanp:

  • IHSI_Demografi_2023_Resansman_Popilasyon.pdf
  • MARNDR_Agrikilti_2024_Pwodiksyon_Sereyal.xlsx
  • CNIGS_Enfrastrikti_2023_Wout_Nasyonal.shp
  • MEF_Ekonomi_2024_Bidjè_Piblik.csv

2. Itilizasyon Zouti Entegre AYITISTATS yo

Jeneratè Grafik - AYITISTATS ofri yon zouti vizyalizasyon done entegre pou kreye grafik entelijan apati done ou telechaje nan sous ofisyèl yo.

Pwosesis travay ak Jeneratè Grafik la:

  1. Enpòte done ou yo nan zouti analiz la
  2. Kreye vizyalizasyon ou yo ak paramèt ou vle yo
  3. Ekspòte grafik yo nan fòma PNG, SVG oswa JPG
  4. Entegre yo dirèkteman nan dokiman ou yo
Konvètisè Fòma - Zouti konvèsyon entegre a fasilite transfòmasyon done w yo nan diferan fòma.

Pwosesis travay ak Konvètisè Fòma a:

  1. Chwazi fichye ou vle konvèti a (CSV, Excel, elatriye)
  2. Seleksyone fòma destinasyon an (CSV, Excel, JSON)
  3. Ajiste paramèt konvèsyon yo si nesesè
  4. Telechaje fichye konvèti a
  5. Verifye entegrite done konvèti yo

Estanda Sitasyon yo

Sitasyon Akademik (Fòma APA)

Pou sitasyon akademik estandadize, swiv etap sa yo:

# Sous done ofisyèl1. Idantifye enstitisyon oswa otè responsab la
# Peryòd referans2. Mete ane piblikasyon an oswa koleksyon an
# Non dokiman ofisyèl3. Ajoute tit egzak dokiman oswa seri done a
# [Rapò], [Dataset], [Enkèt], elatriye4. Espesifye tip dokiman ant kwochè
# Lyen dirèk nan sous ofisyèl5. Fini avèk URL sous orijinal la

Estrikti Jeneral:

# Fòma APA estanda pou done yoOtè/Enstitisyon. (Ane). Tit Dokiman. [Tip Dokiman]. URL

Egzanp:

# Sitasyon konplè ak tout eleman ki nesesè yoEnstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik. (2023).
Enkèt Demografik ak Sante an Ayiti 2022-2023.
[Rapò Estatistik]. https://www.ihsi.ht/...

Sitasyon Pwofesyonèl

Pou yon sitasyon pwofesyonèl senp, swiv etap sa yo:

# Idantifye done yo klèman1. Kòmanse ak "Done:" swivi pa tit la ak sous la
# Peryòd referans la2. Ajoute ane piblikasyon an oswa koleksyon an
# Fasilitatè, se pa sous la3. Mansyone AYITISTATS kòm platfòm dekouvèt
# Lè ou te aksede ak done yo4. Mete dat konsiltasyon an tou

Fòma Kout pou Rapò yo:

# Fòma senplifye pou itilizasyon pwofesyonèlDone: [Tit], [Sous], [Ane]
Konsilte atravè: AYITISTATS (https://ayitistats.org)
Dat konsiltasyon: [Dat]

Sitasyon pou Medya yo

Pou yon sitasyon jounalistik ki kòrèk, swiv etap sa yo:

# Idantifye sous ofisyèl la1. Kòmanse ak "Dapre done [Sous]"
# Mansyone platfòm dekouvèt la2. Ajoute "konsilte sou AYITISTATS"
# Done oswa estatistik enpòtan3. Prezante enfòmasyon prensipal la
# Langaj klè pou gran piblik la4. Kenbe yon ton jounalis epi ki klè

Fòma Jounalis:

# Fòma adapte pou medyaDapre done [Sous] konsilte sou AYITISTATS, [enfòmasyon prensipal].

Bon jan Pwatik pou Sitasyon yo

Eleman ki obligatwa

Pou nenpòt sitasyon done ki soti nan AYITISTATS, mete:

  1. Sous prensipal: Enstitisyon ki fè done yo
  2. Tit egzak seri done a oswa dokiman an
  3. Dat piblikasyon an oswa peryòd li kouvri a
  4. URL sous orijinal la (pa AYITISTATS)
  5. Dat konsiltasyon
Mansyone AYITISTATS - Mansyone AYITISTATS kòm platfòm dekouvèt la, pa kòm sous la : "Done idantifye atravè platfòm AYITISTATS (https://ayitistats.org) epi ki konsilte nan sous ofisyèl la." AYITISTATS pa pwopriyetè done sa yo.

Zouti Èd Ekstèn

Jesyonè Referans Bibliyografik yo

Zouti Konpatib:

  • Zotero - Kapti otomatik metadone entènèt yo
  • Mendeley - Jesyon PDF ak ekstraksyon enfòmasyon
  • EndNote - Pou piblikasyon akademik
  • RefWorks - Solisyon enstitisyonèl

Lojisyèl Tretman Done

Pou Analiz Estatistik:

  • R/RStudio - Enpòtasyon dirèk soti nan URL, konpatib ak CSV, Excel, JSON
  • Python/Pandas - Lekti milti-fòma (CSV, Excel, JSON, XML)
  • SPSS - Enpòtasyon done Excel/CSV/TXT
  • Stata - Jesyon gwo seri done, tout kalite fòma

Pou Analiz Jewospasyal:

  • QGIS - Lekti SHP, KML, GeoJSON, fòma open source
  • ArcGIS - Tout fòma jewospasyal, analiz avanse
  • Google Earth - KML/KMZ, vizyalizasyon entèaktif
  • MapInfo - Fòma pwopriyetè ak estanda

Pou Baz Done:

  • MySQL/PostgreSQL - Enpòtasyon CSV, JSON, XML
  • Access - Excel, CSV, fòma Microsoft
  • MongoDB - JSON, fòma NoSQL

Respekte Dwa ak Lisans yo

Verifikasyon Dwa Itilizasyon

Anvan itilize done yo (ki pa estoke lakay AYITISTATS):

  1. Konsilte mansyon legal sous ofisyèl la
  2. Verifye kondisyon itilizasyon enstitisyon pwopriyetè a
  3. Respekte tout restriksyon ki enpoze pa sous la
  4. Kontakte enstitisyon sous la si nesesè

Atribisyon Apwopriye

  • Toujou kredite enstitisyon sous la (pwopriyetè done yo)
  • Swiv fòma sitasyon yo ke sous ofisyèl la mande a
  • Pa modifye done yo san yo pa mansyone sa
  • Endike kalkil ou yo oswa transfòmasyon ou yo klèman
  • Espesifye ke AYITISTATS se yon fasilitatè, pa yon sous done
Nòt Enpòtan: Dokimantasyon sa a ka evolye selon pwatik yo ak estanda yo. Konsilte li regilyèman pou wè si gen mizajou pouw ka kenbe pratik sitasyon ou yo ajou.