Apèsi sou Done yo

12 Out 2026

Zangi : yon kwasans san kontwòl

Ekspòtasyon zangi ak langous an Ayiti

Pwodwi lanmè yo okipe yon plas ki modès men ki enpòtan nan ekspòtasyon peyi dayiti yo. Nan dènye ane sa yo, se yon pwodwi moun pa t ap atann ki pouse sektè sa a pi devan: zangi. Pandan lontan, aktivite sa a te rete majinal, men nan yon dizèn ane, li vin youn nan prensipal sous lajan nan sektè a, li depase byen lwen langous, ki se yon pwodwi tradisyonèl nan lapèch an Ayiti.

An 2017, dapre Bank Repiblik Ayiti (BRH), valè ekspòtasyon zangi yo te rive prèske 13.4 milyon dola ameriken, kont 2.9 milyon dola pou langous. Sa reprezante yon chanjman total parapò ak ane 2009, lè langous tap domine anpil nan ekspòtasyon pwodui lanmè peyi a. An reyalite, pi fò nan ekspòtasyon sa yo se ti zangi yo rele sivèl, ki se jèn zangi yo pran nan rivyè yo epi yo voye yo tou vivan an Azi, kote yo elve yo jiskaske yo vin granmoun.

Kontrèman ak lòt sektè ekspòtasyon yo, komès sa a ap devlope avèk san okenn kontròl al siveyans. Komès ti zangi yo genyen karakteristik yon resous ki louvri pou tout moun, leta bay lisans pou ekspòte, men pa gen okenn sistèm kota k ap aplike vre, e pa gen okenn kontrent sou kantite yo reyèlman pran nan rivyè yo. Sitiyasyon sa a konsène yon espès ki deja klase kòm « an danje » pa Inyon Entènasyonal pou Konsèvasyon Lanati a, sitou akòz twòp lapèch.

Sous : Bank Repiblik Ayiti, Ministè Komès ak Endistri, Administrasyon Jeneral Dwann. Se Ayitistats ki te trete epi vizyalize Done yo .

5 Out 2026

Adopsyon teknoloji kominikasyon an Ayiti

Adopsyon teknoloji kominikasyon an Ayiti : telefòn mobil ak Entènèt

Telefòn mobil ak Entènèt chanje anpil fason moun kominike, jwenn enfòmasyon epi itilize kèk sèvis enpòtan. An Ayiti, telefòn mobil yo jwe yon wòl enpòtan jounen jodia nan elaji aksè ak sèvis finansye yo epi lòt sèvis dijital, menm nan zòn kote kouvèti Entènèt la pa fin bon.

An 2022, Ayiti te gen anviwon 7,5 milyon abònman aktif ak telefòn mobil, sa ki reprezante prèske 64 % popilasyon an. Daprè Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT), yon abònman mobil se yon abònman prepeye oswa aprepeye ak yon sèvis piblik telefòn mobil ki pèmèt moun fè apèl ak kominike pa vwa. Sa pa gen ladan modèm USB, kat done yo epi sèvis mesaj pa radyo.

Konpare ak lòt rejyon nan mond lan, adopsyon teknoloji kominikasyon yo an Ayiti toujou rete limite. Sitiyasyon aksè ak itilizasyon Entènèt la montre sa byen. An 2021, mwens pase mwatye popilasyon an te gen aksè ak Entènèt, sa ki reprezante anviwon 4,9 milyon itilizatè. Anplis, yon bon pati nan popilasyon an toujou pa gen aksè ak rezo 4G a.

Sous : Banque Mondyal, Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT). Se Ayitistats ki te trete epi vizyalize Done yo .

12 Jiyè 2026

Konbyen Ayisyen k ap viv aletranje, e ki kote yo ye?

Repartisyon imigran ayisyen yo selon peyi destinasyon an an 2024

An 2024, apeprè 1,96 milyon moun ki te fèt an Ayiti t ap viv nan lòt peyi aletranje. Dapre done Òganizasyon Nasyonzini (Depatman Afè Ekonomik ak Sosyal), plis pase 4 sou chak 10 imigran ayisyen ap viv Ozetazini, premye destinasyon an avèk preske 798 000 moun. Repiblik Dominikèn vin an dezyèm plas ak plis pase 535 000 imigran, epi Chili, Lafrans ak Kanada vini dèyè.

Sous : Òganizasyon Nasyonzini, Depatman Afè Ekonomik ak Sosyal (2024), Our World in Data, ak yon ti travay vizyèl AyitiStats fè.

13 Jen 2026

Ayiti : Efondman Silans yon Enstitisyon Militè

Evolisyon pèsonèl fòs lame yo an Ayiti

Pèsonèl fòs lame yo reprezante tout militè ki nan sèvis aktif, li enkli kèk fòs paramilitè ki kapab sipòte oswa ranplase lame regilye a.

An 1989, peyi a te gen anviwon 9 000 sòlda aktif. De an apre, Prezidan Jean-Bertrand Aristide te ranvèse nan yon koudeta militè, sèt mwa sèlman apre li te pran pouvwa a. Lè li tounen soti nan egzil an 1995, li te ofisyèlman demobilize FòsAme d'Ayiti (FADH), yon enstitisyon ki te make pa dizèn ane atrositye ak dezòd politik. Vid sekirite ki te kreye a te ranpli pa Lapolis Nasyonal la ak fòs entènasyonal yo, sitou MINUSTAH, yon misyon ONU ki te prezan pandan 13 an.

An 2010, yon tranblemantè devastatè te frape Ayiti. Nan tout problèm ak kalimite sa a, dènye eleman ki te rete nan ansyen fòs yo te disparèt nan rejis yo, epi endikatè a te ofisyèlman tonbe a zewo.

Answit an 2017, pandan Kas Ble yo t ap prepare yo pou kite peyi a, Ayiti te kòmanse rekonstri lame li a, 500 rekri, ki gen laj 18 a 25 an, chwazi atravè yon konkou nan Léogâne. Jèn san travay, nan yon peyi ki frape pa chomaj endemik, ki te wè nan sa yon opòtinite pou sèvi nasyon yo.

An 2020, fòs lame Dayiti te rive a 1 000 militè, yon chif ki preske pa vle di anyen devan defi sekirite aktyèl peyi a.

Sous : The Military Balance — International Institute for Strategic Studies (2026), Banque Mondyal. Done trete ak vizyalize pa Ayitistats.