Dokimantasyon

Dekouvri gid itilizatè pou zouti entegre nou yo, ansanm ak kèk teknik itil pou rechèch ou ak manipilasyon done ou yo.

Entwodiksyon

AYITISTATS se yon platfòm santralize ki fasilite aksè a done piblik Ayiti yo. Dokimantasyon sa a ap gide w nan tout fonksyonalite ki disponib sou sit la.

Konsènan nou: AYITISTATS santralize aksè a enfòmasyon piblik sou Ayiti yo pou fasilite rechèch, analiz ak pran desizyon. Platfòm sa a òganize done yo pa sektè epi li ofri zouti rechèch avanse.

Kiyès nou ye?

AYITISTATS se yon inisyativ sitwayen ki vize fasilite aksè ak done peyi a. Platfòm nou an ofri plizyè fonksyonalite esansyèl:

  • Santralizasyon - Yon pwen aksè inik ak done piblik Ayiti yo
  • Òganizasyon - Klasifikasyon pa sektè aktivite
  • Rechèch avanse - Zouti filtraj ak rechèch sofistike
  • Zouti entegre - Jeneratè grafik ak konvètisè fòma

Sektè nou Kouvri

Platfòm nou an kouvri sektè sa yo (lis la pa konplè):

Sektè Deskripsyon Egzanp Done
Ekonomi Done ekonomik ak finansye PIB, enflasyon, komès eksteryè
Sante Estatistik sante ak medikal Mòbidite, mòtalite, enfrastrikti
Edikasyon Sistèm edikatif ak fòmasyon To skolarizasyon, rezilta
Agrikilti Pwodiksyon agrikòl ak sekirite alimantè Pwodiksyon, randman, pri

Aksè ak Itilizasyon

AYITISTATS aksesib atravè:

# Entèfas entènèt
https://ayitistats.org

# Dokimantasyon
https://ayitistats.org/documentation
Gratis epi ouvè: AYITISTATS se yon sèvis ki konplètman gratis epi ou pa bezwen okenn enskripsyon pou tout fonksyonalite yo.

Premye Vizit ou

Pandan premye vizit ou sou AYITISTATS:

  1. Eksplore paj akèy la pou konprann òganizasyon sit la
  2. Ale nan seksyon "Sektè yo" pou dekouvri done ki disponib yo
  3. Sèvi ak ba rechèch la pou jwenn done espesifik
  4. Konsilte dokiman sa a pou metrize fonksyonalite avanse yo
Konsey: Pran tanw pou w eksplore diferan sektè yo epi pou w ka dekouvri tout done ki disponib sou platfòm nan.

Rechèch Done

Rechèch Senp la

Rechèch senp la pèmèt ou jwenn done byen vit:

  1. Itilize ba rechèch la anwo paj la
  2. Antre yon mo kle enpòtan
  3. Rezilta yo parèt imedyatman

Rechèch pa Sektè

Pou yon rechèch ki pi presi, swiv etap sa yo:

# Ale nan seksyon espesyal la1. Ale nan seksyon "Sektè" ki nan meni prensipal la
# Chwazi domèn ki enterese w la2. Chwazi sektè ki enterese w la (Ekonomi, Sante, Edikasyon, elatriye)
# Eksplore done ki disponib yo3. Gade done ki disponib pou sektè sa a
# Rafine rechèch ou a4. Itilize filtè yo pou rafine rechèch ou a

Filtè Ki Disponib yo

  • Peryòd - Ane kòmansman ak ane fen
  • Sous - Enstitisyon oswa òganizasyon
  • Fòma - Tip fichye (CSV, Excel, PDF)
  • Estati - Verifikasyon done yo(verifye, an revizyon)
Konsey: Konbine plizyè filtè pou jwenn rezilta ki pi presi e ki pi enpòtan pou bezwen ou yo.

Zouti Entegre

AYITISTATS ofri zouti entegre pou ede w analize epi manipile done ou yo jwenn:

Jeneratè Grafik

Kreye grafik fasilman apati done ou jwenn yo:

  • Grafik ba - Pou konpare valè
  • Grafik liy - Pou tandans tanporel
  • Grafik sikilè - Pou pwopòsyon
  • Grafik pwen - Pou korelasyon
  • Istogram - Pou distribisyon done
Konsey: Itilize jeneratè grafik la pou kreye vizyalizasyon pwofesyonèl pou rapò ou yo ak prezantasyon ou yo.

konvètisè Fòma

Konvèti done ou yo ant diferan fòma pou fasilite itilizasyon yo:

Fòma li sipòte:

  • CSV - Fòma tablo senp
  • JSON - Fòma estriktire pou aplikasyon yo
  • Excel - Fòma fichye kalkil Microsoft
  • XML - Fòma balisaj ekstansib
  • YAML - Fòma serializasyon lizib
  • TSV - Valè separe pa espas
  • TXT - Fòma tèks senp

Kijan pou itilize konvètisè a:

  1. Chaje fichye done ou a
  2. Chwazi fòma rezilta ou vle a
  3. Klike "Konvèti"
  4. Gade apèsi rezilta a
  5. Telechaje fichye konvèti a
Avantaj: Konvètisè a konsève totalman estrikti ak entegrite done ou yo. Tout operasyon yo fèt direkteman nan navigatè ou a, okenn fichye pa tranfere nan yon sèvè ekstèn.