Referans prensipal ou pou jwenn aksè a done piblik Ayiti yo. Nou konekte chèchè, analis, epi moun k ap pran desizyon yo ak enfòmasyon yo bezwen pou kontribye nan devlopman peyi a.
AYITISTATS te kreye an 2025 ak yon vizyon klè : kreye yon pon ant done piblik peyi Dayiti yo ak moun ki gen bezwen yo. Platfòm nou an ofri yon repètwa santralize ki byen estriktire ki gen tout done peyi a ki aksesib lib e libè, ki ka reitilize epi ki ka redistribye avèk lisans louvri.
Nou kwè fèmman ke aksè fasil a enfòmasyon ka yon pilye fondamantal pou devlopman dirab Ayiti. Lè nou estriktire epi nou klase resous sa yo avèk metòd, n ap ede senplifye travay chèchè yo, moun kap fè analiz yo, jounalis yo, etidyan yo ak moun k ap pran desizyon yo, pou yo ka jwenn pi rapid done ki enpòtan pou pwojè yo.
Anbisyon nou se kenbe yon repètwa ki pa pran pati, ki konplè, ki toujou aktyalize ak sous done piblik ki disponib sou Ayiti yo, epi devlope zouti ki ka ede moun jwenn done sa yo.
Nou kwè ke done piblik yo ta dwe fasilman aksesib pou tout moun. Platfòm nou an fèt pou elimine barye aksè yo ak senplifye dekouvèt enfòmasyon yo.
Nou angaje nou pou nou referanse sèlman sous ofisyèl ak fyab, epi asire kalite ak entegrite done nou ofri yo.
Nou ap travay avèk lòt patnè epi nou toujou ap devlope nouvo zouti pou fasilite aksè, vizyalizasyon ak analiz done Ayisyen yo.
Lide pou kreye AYITISTATS la vini akòz pat gen pyès repètwa santralize ki te ka pèmèt moun jwenn done sou Ayiti byen fasil. Pou jwenn yon enfòmasyon ki enpòtan, ou te oblije pase anpil tan ap navige soti nan yon sit entènèt al nan yon lòt, san ou pa garanti w ap jwenn sa w ap chèche a. Devan pwoblèm sa a, yon ekip sitwayen angaje te deside kreye yap kreye yon solisyon.
Kreyasyon yon pwototip fonksyonèl pou valide konsèp kle repètwa nou an. Idantifikasyon premye sous yo, validasyon achitekti teknik la ak fonksyonalite debaz yo
Kòmansman devlopman teknik konplè platfòm nan. Mete an plas enfrastrikti definitif la, premye referansman sous done ofisyèl yo epi elaji tanzantan katalòg la.
Lansman ofisyèl AYITISTATS sou entènèt avèk yon katalòg inisyal ki gen plis pase 10 000 seri done ak rapò ofisyèl, ki soti nan plis pase 100 sous enstitisyonèl.
Lansman yon koleksyon grafik entèraktif : kat jewografik antrepriz ayisyen yo, vizyalizasyon sektoryèl (restoran, otèl, finans, enèji), pwofil travay ki pi demande yo epi domèn etid ki pi popilè yo.
Ansanm, nou ka kreye yon ekosistèm done ki pi aksesib e transparan pou Ayiti. Kontribye nan misyon nou an lè w pataje konesans ou oswa lè w itilize resous nou yo pou pwojè w yo.