Editè sit la
Sitwèb www.ayitistats.org la pibliye pa AYITISTATS, yon òganizasyon san bi likratif ki baze nan Pari (Lafrans), ki santalize epi referansye aksè ak enfòmasyon piblik sou Ayiti san li pa estoke done yo dirèkteman.
Pwopriyete entelektyèl
Kontni sit AYITISTATS la pwoteje pa dwa otè. Estrikti jeneral sit la, grafik yo, tèks yo, imaj yo, videyo yo, son yo, logo yo, mak yo ak tout lòt eleman ki fè sit la se pwopriyete eksklizif AYITISTATS oswa patnè ak kolaboratè li yo.
Mak ak logo yo
Mak komèsyal yo, logo yo ak lòt siy distenktif ki parèt sou sit la se pwopriyete AYITISTATS oswa patnè li yo. Nenpòt repwodiksyon, reprezantasyon oswa itilizasyon, an antye oswa an pati, san otorizasyon ekri alavans nan men detantè dwa yo entèdi fòmèlman.
Kontni ak dwa repwodiksyon
Repwodiksyon nenpòt kontni sou sitwèb AYITISTATS la otorize sèlman pou rezon enfòmasyon ak pou itilizasyon pèsonèl. Nenpòt repwodiksyon, distribisyon, oswa itilizasyon kontni an pou lòt rezon entèdi san yon otorizasyon ekri alavans.
Nenpòt itilizasyon oswa repwodiksyon done ki referanse sou AYITISTATS dwe konfòme li avèk kondisyon itilizasyon espesifik pou sous done sila. AYITISTATS pa responsab pou itilizasyon yo fè ak done ki aksèsib nan pòtal li a.
Pwoteksyon done pèsonèl yo
An akò avèk lejislasyon ki gen rapò ak pwoteksyon done pèsonèl yo, AYITISTATS angaje l pou respekte vi prive itilizatè sit entènèt li a epi pou pwoteje enfòmasyon yo kominike ba li.
Koleksyon done yo
Done pèsonèl yo kolekte sou sitwèb AYITISTATS la avèk konsantman eksplisit itilizatè a epi yo itilize sèlman pou:
- Pèmèt aksè ak sèvis yo ki ofri sou sit la
- Amelyore kalite sèvis yo epi pèsonalize fonksyonalite yo
- Etabli estatistik jeneral sou jan yo itilize sit la
- Kominike ak itilizatè yo an repons a demann yo
Peryòd konsèvasyon
Done pèsonèl yo konsève pou yon peryòd limite selon objektif tretman an epi yo efase lè objektif sa a reyalize oswa lè itilizatè a egzèse dwa li pou efase yo.
Dwa itilizatè yo
An akò avèk lejislasyon aktyèl la, tout itilizatè yo gen dwa sa yo:
- Dwa pou jwenn aksè a done pèsonèl yo
- Dwa pou yo korije oswa efase yo
- Dwa pou yo limite tretman done yo
- Dwa pou yo fè objeksyon sou tretman done yo
- Dwa nan pòtabilite done yo
Pou egzèse dwa sa yo, ou kapab kontakte responsab tretman done yo nan adrès sa a: contact@ayitistats.org
Limit responsabilite yo
AYITISTATS fè tout sa l kapab pou asire fyabilite enfòmasyon ki nan referans sou sit li a. Sepandan, ka gen erè oswa omisyon. Itilizatè a rekonèt ke li itilize enfòmasyon sa a sou responsablite pa l sèlman.
Kontni ki referanse
AYITISTATS se yon pòtal referans ki santralize aksè a done piblik ki soti nan plizyè sous ofisyèl. Nan sans sa a:
- AYITISTATS pa responsab pou kontni, presizyon, oswa aktyalite done referans yo
- AYITISTATS pa dirèkteman estoke lakay li done li refere a yo
- Disponibilite sous ekstèn yo pa anba kontwòl AYITISTATS
Se responsablite itilizatè a pou verifye presizyon ak pertinans enfòmasyon li jwenn atravè AYITISTATS ki soti nan sous orijinal yo anvan nenpòt itilizasyon pwofesyonèl, akademik oswa pou pran desizyon.
Lyen ipèrtèks
Sit AYITISTATS la genyen lyen ipèrtèks ki mennen sou lòt sit. Lyen sa yo bay sèlman enfòmasyon e yo pa vle di AYITISTATS apwouve oswa valide kontni yo. AYITISTATS pa responsab kontni sit sa yo ni nenpòt domaj ki ta ka rive nan konsiltasyon sit sila yo.
Modifikasyon nan Enfòmasyon legal yo
AYITISTATS gen dwa modifye avi legal sa yo nenpòt ki lè, sitou pou reflete devlopman lejislatif ak regilasyon oswa chanjman nan òganizasyon sit entènèt la.
Modifikasyon yo kòmanse aplike depi yo pibliye yo sou sit la. Se poutèt sa, li rekòmande pou konsilte paj sa a regilyèman.
Dènye aktyalizasyon: 15 me 2025
Dwa ki aplikab ak jiridiksyon
Avi legal sa yo gouvène pa lalwa fransè a. Nan ka ta gen yon diskisyon epi si pa gen yon akò amikal, tribinal Ayisyen yo ka refere tou dapre règ jiridiksyon ki aplikab yo.
Medasyon
An akò ak dispozisyon legal aktyèl yo, nenpòt itilizatè ka kontakte yon medyatè konsomatè an ka ta gen yon dispit. Anvan itilizatè a kontakte yon medyatè, li dwe premyeman soumèt plent li bay AYITISTATS.
Kontak pou plent: contact@ayitistats.org
Aksèsibilite
AYITISTATS angaje l pou asire aksè ak sit entènèt li a pou ankouraje egalite dwa ak opòtinite, ansanm ak patisipasyon sivik konplè ak efikas moun ki andikape yo.
Kounye a, nap optimize platfòm nan pou pèmèt tout itilizatè wè enfòmasyon yo, kèlkeswa kapasite yo. Si ou rankontre nenpòt pwoblèm aksè, tanpri kontakte nou nan: contact@ayitistats.org