Popilasyon ak demografi

Teritwa

Popilasyon total
11.7M
2024
Dansite
422hab/km²
2023
Kwasans demografik
1.15%
2024
Popilasyon lavil
6.48M
2024
Popilasyon andeyò
5.29M
2024
Popilasyon mwens pase 25 lane
5.99M
2024

Konsènan

Ayiti gen yon sipèfisi total 27 750 km², avèk yon popilasyon 11,77 milyon moun an 2024. Nan yon peryòd sis deseni, popilasyon an prèske triple, li pase soti nan 3,8 milyon moun an 1960 pou rive 11,8 milyon an 2024. Dansite popilasyon an se 422 moun pou chak km², sa ki fè peyi a youn nan peyi ki gen plis moun pa kilomèt kare nan Karayib la.

Dapre done Bank Mondyal la, popilasyon nan vil yo reprezante 55 % nan popilasyon total la, pandan popilasyon andeyò yo reprezante 45 %. An 2024, to kwasans popilasyon lavil yo te rive 2,23 %, pandan to kwasans popilasyon andeyò yo te -0,14 %. Popilasyon an majorite jèn, timoun ki gen mwens pase 14 lane te rive 3,6 milyon, epi jèn ki gen ant 15 ak 24 an te rive 2,2 milyon an 2023.

Popilasyon ki nan laj pou travay (25–64 an) te rive 5,1 milyon moun nan lane 2023, tandiske moun ki gen 65 an oswa plis te reprezante 537 000 moun. Dapre Pèspektiv Popilasyon Mondyal Nasyonzini yo, popilasyon Ayiti a ta dwe rive 15,15 milyon moun an 2100, avèk yon dansite 549,7 moun pou chak km². Pwojeksyon sa yo baze sou senaryo mwayen an, ki pran an konsiderasyon ipotèz sou fètilite, mòtalite ak migrasyon.

Popilasyon

Popilasyon pa depatman

Popilasyon pa depatman (2024)

Popilasyon pa depatman (2024)

Popilasyon pa depatman (2024)
Klase Depatman Popilasyon Ane

Popilasyon total

Ayiti gen anviwon 11.77 milyon abitan, sa fè li youn nan peyi ki pi peple nan Karayib la.

11.77 M
Popilasyon 2024

Nan anviwon sis deseni, popilasyon an triple. Projèksyon demografik yo prevwa kwasans lan ap kontinye, men pi dousman.

Done ki soti nan Bank Mondyal ak Nasyonzini yo.

Evolisyon popilasyon an (2024)

Popilasyon vil ak andeyò

Popilasyon Ayiti a divize ant moun kap viv lavil ak andeyò, avèk yon tandans k ap grandi pou plis moun ale viv nan vil yo.

55%
Popilasyon lavil 2024
45%
Popilasyon andeyò 2024

Popilasyon riral la reprezante anviwon 45% nan total popilasyon an nan lane 2024. Li jwe yon gwo wòl nan ekonomi nasyonal la, sitou nan pwodiksyon agrikòl la. Men, akòz pa gen ase enfrastrikti, ni sèvis nan zòn riral yo, moun yo oblige kite andeyò pou yo ale rete nan vil yo.

Done ki soti nan Bank Mondyal.

Popilasyon vil ak andeyò (2024)

Popilasyon nan vil ak andeyò

Popilasyon k ap viv nan vil ak andeyò (1710–2025)

Popilasyon vil yo, bouk yo ak zòn andeyò yo

Popilasyon vil yo, bouk yo ak zòn andeyò yo (2020)

Popilasyon pa teritwa administratif

Popilasyon pa komin (2024)

Popilasyon pa komin (2024)

Popilasyon pa komin (2024)
Klase Teritwa Popilasyon

Estrikti pa laj ak sèks

Piramid laj yo

Popilasyon ayisyen nan trè jèn, plis pase mwatye moun yo gen mwens pase 25 lane.

51%
Popilasyon mwens pase 25 lane 2023

Dominasyon jèn yo nan estrikti demografik la reprezante an menm tan yon potansyèl pou devlopman ak yon gwo defi nan domèn edikasyon, fòmasyon pwofesyonèl ak kreyasyon travay pou jenerasyon k ap vini yo.

Piramid laj yo (2023)

Popilasyon pa tranch laj

Endikatè sa a mezire gwosè chak tranch laj nan popilasyon total la.

5.1 M
Popilasyon 25-64 an 2023
2.2 M
Popilasyon 15-24 an 2023

Depi 1950, popilasyon Ayiti karakterize pa yon gwo pwopòsyon jèn moun. An 2023, timoun ki poko gen 14 an yo te rive 3,6 milyon epi jèn ki gen ant 15 ak 24 an yo te rive 2,2 milyon.

Popilasyon pa tranch laj (2023)

Popilasyon fi ak gason

Popilasyon fi ak gason (2024)

Kwasans popilasyon an

To kwasans demografik

Ayiti montre yon kwasans demografik anyèl ki rete relativman estab depi dezas tranblemanntè 12 janvye 2010 la.

1.15%
Kwasans demografik 2024

Men, kwasans sa a yon ti jan ap ralanti, akoz to fètilite a k ap diminye ansanm ak anpil moun ki kite peyi a pou al viv lòt bò.

To kwasans demografik (2024)

Kwasans popilasyon vil

Tò kwasans anyèl popilasyon lavil la pou yon ane t se tò kwasans eksponansyèl popilasyon lavil la nan mitan ane a soti t-1 rive t, li eksprime an pousantaj.

2.23%
Kwasans popilasyon vil 2024

Popilasyon lavil la se moun ki ap viv nan vil yo. Yo kalkile l lè yo itilize estimasyon Bank Mondyal yo ak pwopòsyon ibanizasyon Nasyon Zini yo. An 2024, Ayiti te anregistre yon to kwasans popilasyon lavil la kite 2,23%, sa ki reflete tandans egzòd riral la.

Kwasans popilasyon vil (2024)

Kwasans popilasyon andeyò

Tò kwasans anyèl popilasyon riral la pou yon ane t se tò kwasans eksponansyèl popilasyon riral la nan mitan ane a soti t-1 rive t, li eksprime an pousantaj.

-0.14%
Kwasans popilasyon andeyò 2024

Popilasyon riral la se moun ki ap viv nan zòn andeyò, yo kalkile l kòm diferans ant popilasyon total la ak popilasyon lavil la. An 2024, Ayiti te anregistre yon tò kwasans popilasyon riral kite -0,14%, sa ki endike ke moun yo ap kite piti piti zòn andeyò yo.

Kwasans popilasyon andeyò (2024)

To kwasans demografik ak ak san migrasyon

To kwasans demografik : enpak migrasyon an (2023)

Dansite popilasyon

Dansite popilasyon

Dansite popilasyon an mezire kantite mwayèn abitan pou chak kilomèt kare sou tout teritwa nasyonal la.

422 moun/km²
Dansite 2023

Dansite mwayèn sa a kache gwo diferans nan teritwa yo. Depatman Lwès, pa egzanp, rive a plis pase 800 abitan/km², alòske gen zòn andeyò ki pa gen anpil moun ditou.

Dansite popilasyon (2023)

Dansite Pòtoprens

Dansite popilasyon Pòtoprens (2020)

Dansite pa teritwa administratif

Dansite pa komin (2024)

Dansite pa komin (2024)

Dansite pa komin (2024)
Klase Teritwa Dansite (ab/km²)

Dansite popilasyon

Dansite popilasyon (2020)

Projèksyon dansite popilasyon an

Pwojeksyon dansite a estime evolisyon kantite moun pa kilomèt kare jiska 2100.

549.7 hab/km²
Dansite 2100

Estimasyon dansite popilasyon sa yo soti nan plizyè sous done sou popilasyon ak sipèfisi teritwa yo. Yo jwenn yo lè yo divize estimasyon popilasyon yo pa estimasyon sipèfisi teritwa yo. Tout tretman done yo fèt pa Our World in Data.

Projèksyon dansite popilasyon (1800–2100)

Projèksyon popilasyon an

Projèksyon popilasyon an

Pwojeksyon popilasyon yo se estimasyon estatistik sou gwosè ak estrikti popilasyon nan lavni.

15.15 M
Popilasyon an 2100 2100

Sa yo baze sou senaryo mwayen Nasyonzini yo, ki sèvi ak ipotèz demografik enpòtan tankou fekondite, mòtalite ak modèl migrasyon. An 2024, popilasyon Ayiti a te 11,77 milyon. Rive nan ane 2100, yo prevwa l ap rive nan 15,15 milyon.

Popilasyon reyèl ak estimasyon pou lavni (1950–2100)

Projèksyon popilasyon pa tranch laj

Popilasyon reyèl ak estimasyon pou lavni selon gwoup laj (1950–2100)

Pwojeksyon popilasyon an 2100 selon diferan senaryo Nasyonzini yo

Pwojeksyon popilasyon an 2100 selon diferan senaryo Nasyonzini yo.

24.18 M
Fekondite konstan 2100
9.76 M
Senaryo ba 2100

Senaryo fekondite konstan an sipoze ke to fekondite a ap rete fiks depi 2024, avèk mòtalite ak migrasyon entènasyonal yo kap rete nan yon nivo medyàn. Senaryo ba a sipoze yon fètilite ki ba, ak mòtalite ak migrasyon entènasyonal ki swiv senaryo medyàn lan.

Popilasyon : konparezon pwojeksyon Nasyonzini yo (1950–2100)