AYITISTATS rasanble tout done piblik peyi Dayiti yo, pou li ka pi fasil pou eksplore yo, analize yo, epi sèvi ak yo nan pran desizyon.
Santralize tout done piblik Ayiti yo ou ede chèchè yo, etidyan yo, jounalis yo, antrepriz yo, ONG yo ak moun k ap pran desizyon yo nan travay analiz ak rechèch yo.
Kreye grafik entèaktif ak vizyalizasyon pèsonalize pou pi byen konprann tandans yo.
Jwenn aksè avèk done ki verifye epi kap aktyalize regilyèman pa sous ofisyèl yo.
Konvèti fasilman done ou yo nan diferan fòma (CSV, Excel, JSON) pou yo ka mache pi byen.
Konsilte dènye estatistik yo ak endikate kle sou Ayiti yo epi avèk done kap aktyalize preske chak jou.
Endikatè esansyèl yo pou analize evolisyon sosyo-ekonomik Ayiti.
Ayiti divize an 10 depatman jeografik, depatman Lwès la se pi gwo a epi li pi peple a.
Malgre diferans sipèfisi yo, chak depatman gen pwòp potansyèl ekonomik li, pwòp resous agrikòl li ak pwòp pouvwa li pou l atire touris.
Depatman Lwès ak depatmant Latibonit reprezante poukont yo 36% teritwa nasyonal la.
Atik 9 Konstitisyon an etabli yon divizyon administratif an twa nivo: depatman yo, komin yo ak seksyon kominal yo.
Estrikti administratif sa a montre yon volonte pou bay sèvis piblik yo nan zòn vil yo tankou nan zòn andeyò yo. Li gen objektif tou pou l ranfòse kolektivite teritoryal yo.
Se nan depatman Lwès ak depatman Nò ki gen pi fò dansite popilasyon peyi Dayiti a, avèk pi gwo kantite moun pa kilomèt kare.
Popilasyon ayisyèn nan trè jèn, plis pase mwatye moun yo gen mwens pase 25 lane.
Dominasyon jèn yo nan estrikti demografik la reprezante an menm tan yon potansyèl pou devlopman ak yon gwo defi nan domèn edikasyon, fòmasyon pwofesyonèl ak kreyasyon travay pou jenerasyon k ap vini yo.
Piramid laj la montre yon estrikti demografik ki trè jèn. Gen anpil timoun ak adolesan ki gen ant 0 ak 14 lane, men pa gen anpil granmoun ki gen plis pase 80 lane.
Ayiti gen anviwon 11.77 milyon abitan, sa fè li youn nan peyi ki pi peple nan Karayib la.
Nan anviwon sis deseni, popilasyon an triple. Projèksyon demografik yo prevwa kwasans lan ap kontinye, men pi dousman.
Evolisyon popilasyon total peyi Ayiti soti 1960 rive 2024. Popilasyon an triple nan 64 lane, li pase de 3.8 milyon abitan an 1960 pou li rive 11.8 milyon an 2024.
Migrasyon nèt reprezante diferans ki genyen ant kantite moun ki antre nan peyi a (imigran) ak kantite moun ki kite peyi a (emigran) chak ane.
Yon chif negatif vle di gen plis moun k ap kite peyi a pase sa k ap vini rete ladan l.
Depi 1960, sa vle di plis pase 65 an, kantite moun k ap kite peyi a toujou depase kantite moun k ap antre
Depatman Lwès la poukont li rasanble 35% nan popilasyon total peyi a
To fètilite a reprezante kantite mwayèn timoun yon fanm ka fè pandan tout vi li kote li kapab fè pitit.
To sa a, ki pi wo pase limit renouvèlman 2.1 an, fè wè fanm yo toujou ap fè anpil timoun menm si kantite a ap desann piti piti konpare ak deseni pase yo.
Evolisyon to fètilite an Ayiti soti 1960 rive 2024. To fètilite a fè yon bès anviwon 58 % nan 64 lane, li pase de 6.2 timoun pou chak fanm an 1960 pou rive anviwon 2.6 an 2024.
Dansite popilasyon an mezire kantite mwayèn abitan pou chak kilomèt kare sou tout teritwa nasyonal la.
Dansite mwayèn sa a kache gwo diferans nan teritwa yo. Depatman Lwès, pa egzanp, rive a plis pase 800 abitan/km², alòske gen zòn andeyò ki pa gen anpil moun ditou.
Dansite popilasyon an Ayiti te ogmante anpil nan sis dènye deseni sa yo, li te pase de 142 moun pa km² nan lane 1961 pou rive a 422 moun pa km² an 2023.
Ayiti montre yon kwasans demografik anyèl ki rete relativman estab depi dezas tranblemanntè 12 janvye 2010 la.
Men, kwasans sa a yon ti jan ap ralanti , akoz to fètilite a k ap diminye ansanm ak anpil moun ki kite peyi a pou al viv lòt bò.
To kwasans demografik la an Ayiti te diminye piti piti nan sis dènye deseni yo. Diminisyon sa a ka gen rapò ak bès to fètilite a ak chanjman nan dinamik migrasyon yo.
Popilasyon Ayiti a divize ant moun kap viv lavil ak andeyò, avèk yon tandans k ap grandi pou plis moun ale viv nan vil yo.
Popilasyon riral la reprezante anviwon 45% nan total popilasyon an nan lane 2024. Li jwe yon gwo wòl nan ekonomi nasyonal la, sitou nan pwodiksyon agrikòl la. Men, akòz pa gen ase enfrastrikti, ni sèvis nan zòn riral yo, moun yo oblige kite andeyò pou yo ale rete nan vil yo.
Nan dènye deseni sa yo, anpil moun an Ayiti kite andeyò pou ale viv lavil. Jouk an 2015, majorite popilasyon an t ap viv nan zòn riral, men depi 2016, sa te chanje totalman.
Malgre yon sitiyasyon ekonomik trè difisil nan dènye ane sa yo, PIB a te kenbe yon kanmenm yon ti kwasans.
Nan dènye ane yo, enflayon an te ogmante anpil, sa ki te gen gwo enpak sou pouvwa konsòmasyon fanmi yo.
Depi plis pase de deseni, to chomaj la rete wo anpil nan peyi a, sitou nan mitan jèn yo.
Depi 1960, Goud la pa janm sispann pèdi valè l fas ak Dola Ameriken. Fenomèn sa a te vin pi enkyetan nan dènye ane sa yo, ak konsekans dirèk sou pri lavi ak aksè a pwodwi premye nesesite.
Rapatisyon transfè lajan (USD) yo resevwa an Ayiti nan konpayi transfè yo nan lane 2025, selon peyi orijin yo. 80 % nan montan yo te soti Etazini.
Sektè sèvis la domine ekonomi Ayiti a, devan endistri ak agrikilti, ki rete yon pilye esansyèl pou yon gran pati nan popilasyon an.
Akòz pa gen pwodiksyon lokal, Ayiti enpòte prèske tout pwodwi petwolye li yo. Dizèl se pwodwi ki plis enpòte pandan dènye ane sa yo.
Pou kewozèn nan, ki sitou itilize pa fanmi ki pi vilnerab yo pou ekleraj, enpòtasyon li yo tonbe nèt.
Volim anyèl enpòtasyon pwodwi petrolye yo an milye baril (gazolin, kerozèn ak dizèl).
Balans komèsyal la se diferans ki genyen ant valè ekspòtasyon ak enpòtasyon yon peyi sou yon peryòd bay.
Depi plizyè ane, Ayiti ap konn yon defisi komèsyal ki dire lontan, paske peyi a achte plis machandiz aletranje pase sa li vann bay rès mond lan.
Valè total enpòtasyon ak ekspòtasyon machandiz yo, ki eksprime an milya dola ameriken.
Yo konsidere yon antrepriz kòm yon MPME si li ranpli de (2) kritè sa yo: yon efektif ki ant 1 ak 100 anplwaye epi yon chif dafè anyèl ki enferyè a 50 milyon goud.
MPME yo se yon pilye fondamantal nan ekonomi ayisyen an epi yo reprezante yon pati enpòtan nan anplwa ak PIB a. Souvan, se yo menm ki nan orijin inovasyon ak divèsite nan peyi a.
Kantite antrepriz yo dapre gwosè yo (mikwo, ti piti, mwayèn)
Pifò MPME yo opere nan lari a oswa sou chose a, pandan gen kèk lòt ki itilize pwopriyete rezidansyèl.
Malgre majorite nan MPME yo opere san anrejistreman fòmèl, yo kontribye anpil nan PIB a (3,2 Md USD), prèske menm jan ak 11% ki anrejistre yo(4,2 Md USD).
Pousantaj MPME yo selon tip kote yo opere komèsyalman
Majorite nan MPME yo nan peyi Dayiti ap evolye nan sektè komès la, kote yo fè sitou aktivite komèsyal an gwo ak an detay, ospitalite ak imobilye.
Sèlman 16% nan MPME yo ki opere nan endistri ak sèvis : eksplwatasyon minyè, fabrikasyon, transfòmasyon agrikòl, edikasyon, asirans ak sèvis pwofesyonèl.
Pousantaj MPME yo pa sektè aktivite ekonomik
Sistèm edikasyon Ayiti a se sitou sektè prive a ki kontwole li, se li ki responsab prèske tout lekòl yo.
Repatisyon sa a fè Ayiti yon ka espesyal nan rejyon an. Frè eskolè yo, avèk lòt depans tankou transpò, inifòm obligatwa ak liv yo, fè anpil fanmi pa kapab voye timoun yo lekòl.
Distribisyon lekòl yo ant sektè prive ak piblik. Lekòl prive yo domine edikasyon nan peyi Dayiti, yo se 83% nan lekòl yo.
Daprè UNESCO, yon moun se analfabèt si li pa kapab li epi konprann yon tèks senp nan lavi chak jou, oswa si li kapab sèlman rekonèt nimewo, non li ak fraz li aprann pa kè.
Mwayèn nasyonal sa a 68% kache gwo inegalite ant gason ak fi, 73% gason yo alfabetize kont 64% fanm yo.
Pousantaj moun ki gen 15 lane ak plis ki kapab li epi ekri yon ti tèks senp ki gen rapò ak lavi chak jou yo.
Endikatè sa a mezire repatisyon popilasyon an dapre pi wo sik edikasyon yo fini avèk siksè.
Estrikti edikasyon popilasyon an montre moun yo abandone lekòl piti piti lè yo rive nan nivo siperyè yo, se prèske sèlman mwatye nan popilasyon an ki rive fini ak sik primè a.
Pousantaj moun ki fini lekòl selon nivo yo rive, pou moun 25 an ak plis, ak yon ti kantite moun ki rive nan nivo siperyè yo.
Esperans lavi a reprezante kantite mwayèn ane yon moun ka espere viv depi li fèt.
Rezo enstitisyon sante yo (lopital piblik, sant sante, dispansè, elatriye) gen difikilte pou kouvri bezwen sante popilasyon an.
Esperans lavi an Ayiti se youn nan pi ba nan rejyon an, sa ki montre gwo defi sante peyi a toujou ap konfwonte.
Ayiti ap fè fas ak yon gwo mank pwofesyonèl sante kalifye, selon dènye resansman MSPP yo.
Chif sa a byen lwen estanda Òganizasyon Mondyal Sante (OMS), ki rekòmande pou pi piti 45 pwofesyonèl sante pou 10 000 abitan, sa vle di 4.5 pou 1 000 abitan.
Distribisyon travayè lasante yo a pa kalite pwofesyon yo. Enfimye yo reprezante majorite pèsonèl medikal la an Ayiti.
Mòtalite timoun yo mezire kantite timoun ki gen mwens pase yon lane ki mouri pou 1 000 nesans vivan.
Depi kòmansman lane 60 yo, mòtalite timoun yo diminye anpil, li pase de 195.4 an 1960 rive 39.0 an 2024, eksepte an 2010 kote pa t gen okenn diminisyon.
Evolisyon pousantaj mòtalite tibebe an Ayiti pandan peryòd 1960–2024 (kantite lanmò pou chak 1 000 nesans vivan).
Endikatè sa a mezire kantite mwayèn alkòl pi moun ki gen 15 ane ak plis konsome chak ane.
Pandan de dènye deseni yo, konsomasyon alkòl an Ayiti rete jeneralman stab, ak yon nivo ki byen ba pase sa nou obsève nan anpil lòt peyi nan rejyon an ak sou plan entènasyonal.
Evolisyon konsomasyon alkòl anyèl pou chak abitan an Ayiti (an lit) pandan peryòd 2000–2020.
Kapasite lopital yo reprezante youn nan pi gwo defi sistèm sante ayisyen an.
Kapasite limite sa a anpeche moun yo jwenn bon jan laswenyaj, epi li fè anpil presyon sou enfrastrikti ki deja egziste yo, espesyalman nan zòn vil yo.
Evolisyon kapasite lopital an Ayiti, li mezire pa kantite kabann lopital pou chak 1 000 moun, pandan peryòd 1960–2023.
Endikatè sa a pèmèt yo idantifye maladi ak kondisyon patològik ki responsab pou pi gwo kantite lanmò nan yon popilasyon.
Maladi ki pa kontajye yo (maladi kadyovaskilè, dyabèt, kansè) reprezante 54.8% moun ki mouri an Ayiti, devan maladi enfeksye ak parazitè yo.
Distribisyon kòz prensipal lanmò yo an pousantaj. Maladi moun pa ka bay lòt moun yo se pi gwo kòz lanmò nan peyi a.
Distribisyon kòz prensipal lanmò pou chak 100 000 moun. Maladi kè ak aksidan vaskilè sèvo yo domine lis la.
Pwodiksyon elektrisite pa abitan mezire tout kantite enèji elektrik yo pwodwi chak ane pou chak moun nan yon peyi.
Tèm "kouran elektrik" ak "enèji" souvan melanje, men elektrisite reprezante jis yon ti pòsyon nan tout demann enèji a.
Evolisyon pwodiksyon anyèl elektrisite pou chak abitan an Ayiti, mezire an kilowatè (kWh), sou peryòd 2000–2024.
Emisyon CO₂ pou chak abitan mezire kantite dyoksid kabòn ki lage chak ane pou chak moun nan atmosfè a.
Se yon endikatè enpòtan pou anprent kabòn yon peyi. Li gen ladan l emisyon ki soti nan gaz fosil yo, pwosesis lakay izin yo, transpò, fè kouran elektrik ak chofaj.
Evolisyon kantite emisyon CO₂ ki soti nan konbisyon konbistib fosil ak pwosesis endistriyèl (transpò, elektrisite, chofaj).
Konsomasyon enèji pou chak abitan mezire tout kantite enèji ki itilize chak ane pou chak moun, eksprime an kilogram ekivalan petwòl (kgoe).
Li reprezante enèji ki pwodwi lokalman, plis enpòtasyon yo, mwens ekspòtasyon yo ak enèji ki bay nan transpò entènasyonal (tankou bato ak avyon).
Evolisyon konsòmasyon enèji pa abitan an Ayiti, eksprime an kilogram ekivalan petwòl (kgoe).
Aksè ak elektrisite vle di pousantaj popilasyon an ki gen yon sous elektrisite ki kapab bay yon ekleraj debaz, chaje yon telefòn oswa alimante yon radyo pandan pou piti 4 èdtan pa jou.
Pousantaj 51.3% sa a montre apeprè mwatye popilasyon ayisyen an pa gen aksè a elektrisite. Yon sitiyasyon ki anpeche edikasyon, sante ak devlopman ekonomik nan zòn riral yo ak zòn vil ki defavorize yo.
Evolisyon aksè a elektrisite ann Ayiti sou prèske twa deseni (1995-2023). Aksè a elektrisite vle di pòsyon popilasyon an ki gen yon koneksyon fyab ak rezo elektrik la.
Aksè a metòd kwizin pwòp se yon indikatè ki mezire pousantaj popilasyon an k ap itilize konbistib ak teknoloji ki pa polye pou kwit manje.
Pousantaj fèb sa a, 4.5% vle di ke prèske 95% Ayisyen yo ap kwit manje ak konbistib solid (bwa, chabon, rès agrikòl, fimye), yon bagay ki ka lakòz lanmò ak gwo pwoblèm lasante.
Evolisyon pòsyon popilasyon Ayiti a ki gen aksè ak konbistib pwòp pou kwit manje (2000-2023).
Pousantaj enèji renouvlab yo mezire ki pati nan kouran elektrik yo fè ak sous renouvlab tankou dlo, solèy, van oswa byomas.
Avèk sèlman 18.6% elektrisite yo pwodwi apati sous renouvlab yo, Ayiti rete depann anpil de konbistib fosil li enpòte yo pou pwodiksyon enèji li.
Pousantaj elektrisite ki pwodwi ak enèji renouvlab ann Ayiti. Enèji renouvlab yo enkli solè, van, idwoelektrik, byoenèji, jewotèmi, vag ak mare.
Kapasite solè enstale a mezire total pisans enstalasyon solèy ki egziste an Ayiti, yo eksprime l an kilowat (kW).
Avèk sèlman 3 878 kW an 2024, Ayiti gen anpil chemen pou l fè nan devlopman enèji solè li, malgre gen kèk ti pwogrè ki te fèt pandan dènye lane sa yo.
Evolisyon kapasite total enèji solè ki enstalé an Ayiti soti 2001 rive 2024 (an kW).
Aksè a Entènèt reprezante pòsyon popilasyon ki te itilize rezo a pandan twa dènye mwa yo, li mezire nivo konektivite nimerik yon peyi.
Malgre yon gwo pwogresyon depi lane 1990, apeprè mwatye popilasyon peyi a toujou rete ekskli nan monn nimerik la.
Evolisyon pòsyon popilasyon Ayiti a ki gen aksè a Entènèt (an %). Yon itilizatè Entènèt se nenpòt moun ki te konekte sou rezo a, kèlkeswa kote li ye, pandan twa dènye mwa yo.
Kantite total abònman telefòn fiks la mezire etandi rezo telefòn fiks yon peyi.
Apre yon pik ki te rive nan mitan ane 2000 yo, kantite abònman telefòn fiks yo te bese anpil, li te rive ak sèlman 1 357 an 2022, akòz monte an pisans telefòn mobil yo.
Evolisyon kantite total abònman telefòn fiks an Ayiti sou peryòd 1981–2022 la.
Kantite total abònman mobil yo montre nivo adopyon telefòni selilè nan popilasyon yon peyi.
Li te prèske pat egziste nan ane 1990 yo, telefòn mobil yo te vin eksploze an Ayiti, pou rive prèske a 7,5 milyon abònman an 2022. Jodi a, li se prensipal mwayen kominikasyon nan peyi a.
Evolisyon kantite total abònman sèvis telefòn mobil selilè an Ayiti sou peryòd 1980–2022 la.
Tè agrikòl yo reprezante total kankite tè ki itilize pou fè jaden ak patiraj ki itilize pou elve bèt, li mezire an ekta.
Soti 1780 rive 2010, sipèfisi tè agrikòl yo an Ayiti te miltipliye pa plis pase 10, li sòti de anviwon 112 500 ha pou rive a plis pase 1,2 milyon ekta, se gras ak yon fò ekspansyon pandan 20yèm syèk la.
Evolisyon sipèfisi tè ki itilize pou fè jaden an Ayiti pou plis pase de syèk (1780–2010), li mezire an ekta.
Endikatè sa a mezire valè ajoute agrikilti, silvikilti ak lapèch reprezante nan PIB a, li reflete pwa sektè primè a nan ekonomi peyi a.
Aprè li te depase 30 % nan PIB a nan lane 1990 yo, kontribisyon agrikòl la te vin estabilize tou dousman nan 15,9 % yo nan lane 2024, sa ki explike ke ekonomi peyi ap vin plis domine pa aktivite sèvis yo.
Evolisyon kontribisyon sektè agrikòl la nan PIB Ayiti an soti 1988 rive 2024 (an %).
Endikatè sa a mezire pòsyon popilasyon aktif la ki ap travay nan agrikilti, silvikilti, lachas ak lapèch, pa rapò ak total fòs travay peyi a.
Ann Ayiti, pòsyon sa a te bese anpil, li pase de anviwon 40 % nan komansman ane 1990 yo pou rive 29 % an 2019, sa ki montre yon deplasman pwogresif fòs travay la vè lòt sektè ekonomi an.
Evolisyon pòsyon popilasyon aktif la kap travay nan sektè agrikòl la an Ayiti soti 1991 rive 2019 (an %).
Endikatè sa a mezire kantite total diri pay ki rekòlte chak ane sou teritwa ayisyen an, li eksprime an tòn.
Depi 1961 rive 2019, pwodiksyon diri ann Ayiti te ogmante plis pase de fwa, li te monte de 55 000 tòn pou rive prèske 186 000 tòn, men apre sa li kòmanse desann pou rive 135 000 tòn an 2024.
Evolisyon pwodiksyon anyèl diri an Ayiti soti 1961 rive 2024 (an tòn).
Pwodiksyon kann sik la mezire kantite total kann sik ki rekòlte sou tout teritwa nasyonal la (an tòn).
Apre yon pik istorik nan komansman ane 1980 yo, pwodiksyon kann sik la te bese prèske 80 % pandan ven denye lane sa yo, akòz efè liberalizasyon mache a, konkirans pwodiksyon dominiken yo ak debwazman.
Evolisyon pwodiksyon anyèl kann sik an Ayiti soti 1961 rive 2024 (an tòn).
Pwodiksyon bannann lan mezire kantite total ki rekòlte chak ane sou teritwa ayisyen an, li eksprime an tòn.
Pwodiksyon bannann an Ayiti te rive nan pik li nan komansman ane 2000 yo, men depi lè sa a, pwodiksyon lokal la gen difikilte pou li jwenn nivo rekò sa a ki gen plis pase ven lane.
Evolisyon pwodiksyon anyèl bannann an Ayiti soti 1961 rive 2024 (an tòn).
Gen aksè fasil ak tout done piblik Ayiti yo, yo santralize epi òganize pa sektè, ane piblikasyon ak sous ofisyèl.